Pwomès pou yon Nouvo Estanda Minimòm pou Ayiti
Yon Solisyon Ayisyen ki baze sou Dwa Moun pou reponn ak katastwòf yo
Yon konbit òganizasyon yo: Nou Pap Dòmi, Ansanm pou Ayiti, Konbit pou yon Ayiti Tèt Anwo (CHW-KATA), the Haitian Ladies’ Network, and the Haiti Response Coalition ap mande òganizasyon kap bay èd pou prete sèman pou pwomèt pou respekte estanda minimòm pou travay ann Ayiti.
21 dawou 2021
Nou pwomèt nou ap respekte diyite pèp ayisyen an.
Nou pwomèt nou ap itilize langaj ki demontre respè.
Nou pwomèt nap detaye sa nap fè, nap transparan epi n enklisif.
Nou pwomèt nap respekte lidèchip ayisyen nap ranfòse kapasite ayisyen.
Nou pwomèt nap sipòte byen kolektif la.
Nou pwomèt nap adrese alontèm nan.
Plis pase tout bagay, nou pwomèt n ap pran angajman, pou n gen kont pou n rann, epi envite gwoup ann Ayiti, sitou kominote kote n ap travay yo, pou yo veye nou, pou asire nou dwe rann yo kont.
POUKISA YON NOUVO ESTANDA POU AYITI?
14 dawou 2021, de (2) tranblemanntè te frape Ayiti; fwa sa fè ravaj nan Gran Sid la, ki poko fin kanpe djanm apre ourangan Matyè nan oktòb 2016. Nou tout sonje Goudougoudou, ki te kraze Pòtoprens, Leyogann ak anviwon yo.
Enpak tranblemanntè yo te gwo ak terib paske vilnerabilite ki sòti nan aksyon moun, ki te la byen anvan. Nou pa ka rele evenman sa yo “katastwòf natirèl” men yon makòn kontèks ki te vini oparavan. Èd imanitè ki te vini aprè 12 janvye te gonfle inegalite nan yon pwosesis Raoul Peck te rele Asistans Mòtèl, pat kite preske anyen pou yon amelyorasyon dirab epi menm agrave inegalite ki te la deja epi gonfle depandans Ayiti sou asistans etranje. Sètadi, repons imanitè apre 12 janvye a te reprezante yon replik… moun you toujou santi l. Jere pa gwo òganizasyon entènasyonal, èd sa a te swiv chemen syèk entèvansyon etranje, eksplwatasyon, ak politik ekonomik ki te afebli Leta, rann li yon leta restavèk (yo rele l “Repiblik ONG”) ki te drennen resous peyi a.
Poutèt eksperyans sa a, ayisyèn ak ayisyen kap viv nan peyi a epi lòt bo gen rezon pou sispèk ONG yo. Nou swete kominote entènasyonal la pral reponn vit avèk trajedi jounen jodi a, menm jan yo te fè nan tan pase a. Men li lè pou aprann leson sa yo, koupe fache avèk “asistans mòtèl” la, epi kore òganizasyon ki fè pati solisyon ayisyen yo ki respekte estanda minimòm nan solidarite pou yon rekonstriksyon ki konstwi yon Ayiti pi ekitab pou tout ayisyèn ak ayisyen. Bon entansyon yo pa sifi… bon aksyon dwe swiv.
Apre Siklòn Matyè nan 2016, ayisyen ak ayisyèn ki se pwofesyonèl kap travay pou ONG oubyen militan nan mouvman sosyal yo te kolabore avèk kòlèg Ozetazini yo pou ekri yon seri “nouvo estanda minimòm” pou pa repete move pratik apre Goudougoudou, malgre egzistans estanda minimòm mondyal pou repons imanitè yo. Anfèt, fòk tout gwoup kap travay nan domen ed ta dwe chèche konnen, adopte, epi fè tout sa posib pou swiv estanda ki egziste deja.
Estanda Minimòm
Pa gen tan pou pèdi.
Lavi ayisyen merite pi plis.
-
DIYITE
Nou pwomèt nou ap respekte diyite pèp ayisyen an epi rejete pwosesis nòmalizasyon pònografik soufrans moun nwa yo. Nou pap sèvi avèk imaj endesan, ki imilye moun, ki pa respekte diyite moun, paregzanp moun ki toutouni oubyen sal, oubyen sèvi avèk imaj moun ki pat di yo dakò.
-
RESPÈ
Nou pwomèt nou ap itilize langaj ki demontre respè pap sèvi avèk pawòl derespektan pou defini peyi Dayiti, tankou “peyi pi pòv nan emisfè a” san esplike kijan Ayiti vin pòv (rann pòv olye pòv tou kout), epi lòt pawòl fasil san kontèks ki te jistifye yon seri entèvansyon ki pa respekte otonomi ayisyen – oubyen prezante ayisyen kòm viktim olye moun gran moun tèt yo ki fè fas ak yon seri defi ki te se yon rezilta dirèk sistèm esklavaj, kolonyalis, ak rasis.
-
BYEN DETAYE
Nou pwomèt nap detaye sa nap fè, sispann kolekte donasyon pou “Ayiti” tou kout; nap detaye ki zòn epi ki domèn, ki bezwen patikilyè nap travay pou adrese parapò avèk yon plan asistans ki baze andann yon kontèks espesifik.
-
TRANSPARANS
Nou pwomèt nap transparan, mete plan vizib pou piblik la – ki gen ladan enfòmasyon anvè ki popilasyon nap sèvi, ki entèvansyon, ki estrateji ak patnè nou (epi depi konbyen tan nou ap travay avèk yo epi kritè pou chwazi yo) nan fason ki posib san mete enfòmasyon pèsonèl deyò pou mete lavi moun an danje. Nap pibliye enfòmasyon sa a nan sit web nou epi lòt fowòm ki posib, ki gen ladan medya ayisyen tankou radyo.
-
LIDÈCHIP AYISYEN
Nou pwomèt nap respekte lidèchip
ayisyen, kowòdone avèk epi enfòme
KASEK ak majistra nan lokalite epi ministè ki responsab yon entèvansyon espesifik, epi pandan repons etap ijans la, avèk gwoup sektoryèl kowòdone pa OCHA nan patenarya avèk Direksyon Pwoteksyon Sivil. Nou pwomèt nap angaje moun nan kominote yo ak sosyete sivil nan planifikasyon, egzekisyon, ak evalyasyon pwoje ki afekte oubyen gen yon potansyèl nan mezi posib.
-
ENKLISIF
Nou pwomèt pou n enklisif, pou egzekite travay nou nan yon mannyè ki bloke diskriminasyon kont gwoup ki istorikman majinalize tankou fanm, minorite seksyèl, moun ki gen yon andikap, moun ki pa gen mwayen finansye, epi pou swiv pratik ki entegre nan yon fason sistematik manm gwoup majinalize nan desizyon inisyativ nou yo.
-
RANFÒSE KAPASITE
Nou pwomèt nap ranfòse kapasite ayisyen, bay priyorite epi envesti nan resous lokal tankou pou resous fizik ak anplwa, epi nap asire salè pou anplwaye Ayisyen se yon salè ki pèmèt moun yo viv epi koresponn avèk kapasite oubyen konesans pwofesyonèl.
-
SIPÒTE BYEN KOLEKTIF LA
Nou pwomèt nap sipòte byen kolektif la, nan bay èd ki ap ranfòse estrikti ak sèvis piblik: wout, dlo, elektrisite, lekòl, kominikasyon, e latriye.
-
LONTÈM
Nou pwomèt nap adrese alontèm nan, pout respekte epi swiv jefò devlopman alontèm epi pou gen yon plan pou sòti vit nan faz ijans pou ranje tab pou faz rekipirasyon ak rekonstriksyon yo. Kidonk, nou pwomèt nou ap pataje konesans avèk popilasyon an pou yo kapab pran lidèchip avèk tout zouti nesèsè pou kominote a kapab kontinye travay la.